Meni

Bati prezans dijital ou ak konfyans.

Nou desine, nou bati epi nou ebèje sit entènèt rapid pou biznis ayisyen, kreyatè ak dyaspora a.

Rolph PAUL, fondatè PAUL Digital, k ap travay sou laptop li

Klasyo

Kreyatè ayisyen vann kou, e‑book ak coaching, epi moun peye ak MonCash. Fèt an kreyòl anvan tout bagay.

  • Peman MonCash entegre
  • Kreyòl, fransè ak angle
  • Kou, e‑book ak coaching nan yon sèl kote
Vizite klasyo.com

Pakè klè. Pri an goud.

Chwazi gwosè ki bon pou ou jodi a. Chak pri se pri total pou bati sit la, ekri nan pwopozisyon ou anvan travay la kòmanse.

  • Landing Page

    Yon òf, yon kanpay

    25 000 HTG

    anviwon $190 · 50% pou kòmanse, 50% lè sit la lanse

    • 1 paj, jiska 6 seksyon
    • Bouton WhatsApp ak fòmilè kontak
    • Ebèjman gratis, nou retire l lè ou mande
    Chwazi
  • Website Starter

    Ti biznis ki bezwen yon vrè sit

    40 000 HTG

    anviwon $305 · 50% pou kòmanse, 50% lè sit la lanse

    • 1 a 5 paj
    • Fèt pou telefòn anvan
    • Fòmilè kontak ak Google Maps
    • Baz SEO
    • 1 lang, +5 000 HTG pou chak lòt lang
    Chwazi
  • Pi popilè

    Business Website Pro

    Mak k ap grandi, ak plizyè sèvis oswa plizyè adrès

    85 000 HTG

    anviwon $650 · 50% pou kòmanse, 50% lè sit la lanse

    • 5 a 15 paj
    • Animasyon ak entèraksyon
    • Analytics ak swivi konvèsyon
    • SEO konplè ak vitès
    • Jiska 3 lang
    Chwazi
  • Custom Project

    Rezèvasyon, e-commerce ak aplikasyon web

    apati 150 000 HTG

    anviwon $1150 · 40% pou kòmanse, 30% nan mitan, 30% lè sit la lanse

    • Rezèvasyon, boutik an liy oswa aplikasyon web
    • Nou fikse travay la ak pri a apre yon apèl
    • Bati epi teste etap pa etap
    Chwazi

Ebèjman ak swivi, chak mwa

Nou ebèje chak sit nou bati, epi domèn nan rete sou non ou. Ou chwazi yon plan nan pwopozisyon an epi ou peye premye mwa a lè sit la lanse.

  • Ebèjman sèlman

    1 500 HTG / mwa

    Starter, Business Pro, Custom

    • Sit la an liy ak HTTPS
    • Nou jere domèn ak DNS pou ou
    • Backup ak rapèl pou renouvle
  • Essentiel

    3 000 HTG / mwa

    Landing Page, Starter

    • Ebèjman enkli
    • 2 ti chanjman pa mwa
    • Tchèk sit la ak fòmilè a chak mwa
    • Repons sou WhatsApp nan 48 è
  • Pro

    6 000 HTG / mwa

    Business Website Pro

    • Ebèjman enkli
    • 5 ti chanjman pa mwa
    • Tchèk chak mwa ak yon ti rapò
    • Repons nan 24 è
  • Custom

    apati 10 000 HTG / mwa

    Custom Project, obligatwa

    • Ebèjman enkli
    • Reparasyon, chanjman ak siveyans
    • Pri a fikse ansanm ak pwojè a

Ou pa gen plan? Chak ti chanjman apre lansman koute 2 000 HTG. Peye 12 mwa davans, ou peye 10 sèlman.

Fèt ann Ayiti. Bati pou kanpe nenpòt kote.

Sitadèl Laferyè. Foto: SPC Gibran Torres, U.S. Army, domèn piblik.

Rolph PAUL k ap travay sou yon laptop anba yon parasòl

Bonjou, mwen se Rolph.

Mwen lanse PAUL Digital paske twòp biznis ayisyen ki gen vrè kliyan poko gen yon vrè sit entènèt. Rezèvasyon fèt nan mesaj WhatsApp, pri yo rete nan screenshot, epi mak la disparèt depi fil la avanse.

Se mwen menm ki bati chak sit, depi premye apèl la jiska lansman, epi mwen rete la apre sit la an liy. Ou pale ak moun k ap fè travay la, nan lang ou pi alèz.

Rolph Myrtil Richecardy PAUL, fondatè

Sa ou ka konte sou li

  • Rapid depi nan baz

    Sit ki chaje vit sou telefòn, menm ak yon koneksyon ki lan, paske se konsa pifò kliyan ou ap wè l.

  • Pri klè

    Pri fiks pou chak pakè, an goud, ekri nan pwopozisyon an anvan travay la kòmanse.

  • Pale klè

    Pa gen gwo mo, pa gen disparèt. Delè klè ak nouvèl onèt sou WhatsApp.

  • La apre lansman

    Ebèjman, chanjman ak reparasyon nan yon plan chak mwa ki senp, pou sit ou kontinye mache.

Kijan yon pwojè mache

Kat etap, epi ou apwouve chak etap anvan nou kontinye.

  1. Dekouvèt

    Nou aprann biznis ou, kliyan ou ak sa sit la dwe fè.

  2. Pwopozisyon ak design

    Ou resevwa yon pwopozisyon ekri ak pri a ak plan an, apre sa yon design pou ou apwouve.

  3. Bati ak teste

    Nou bati, nou teste sou vrè telefòn epi nou ajiste vitès la. Chanjman nan sa nou te dakò yo gratis pandan konstriksyon an.

  4. Lansman ak swivi

    Nou mete sit la an liy, nou ba ou kle yo epi nou rete la ak plan chak mwa ou.

Ann bati pa ou.

Pale nou de biznis ou sou WhatsApp oswa pa imèl. Se Rolph menm ki reponn ou.